Design a site like this with WordPress.com
Get started

Sa Ou Dwe Konnen

Ayisyen87: SA OU DWE KONNEN

Ayisyen87 se yon radyo entènèt!

Non li refere a ane 1987, temwen nan evènman istorik nan Ayiti: chanjman nan gouvènman an ak kreyasyon yon konstitisyon.

Kreye nan mwa Oktòb 2010 pa fondatè prensipal Evens Romeus

Radyo entènèt Ayiyen87 se yon referans sosyal pou jèn yo, yon sous amizman ki varye nenpòt jan gou ou ka ye. Radyo Ayisyen87 senbolize yon medya sosyal kote jèn yo ka rankontre, yon espas espesifik pou yo!

Kounye a, radyo entènèt Ayisyen87 genyen twa (3) gwo emisyon: Espas Jenès La, Let’s Talk, and Sport87.

Èspas Jenès La: Se yon emisyon ki rezève pou jèn moun, pou tout moun ki renmen kilti ayisyen. Emisyon sa pèmèt jèn yo reprezante tèt yo epi prezante talan atistik yo; tankou powèm, jwèt, blag ak mizik. Orè: 3è nan aprè midi epi li fini a 6è nan aprè midi chak jou.

Let’s Talk :(Ann Pale): se 100% lanmou. « Yon emisyon kote mizik yo jwe ak pasyon epi sijè yo trete ak tout nanm. Li kòmanse 9è nan aswè epi li fini 3è nan maten oubyen 4è nan maten.

Sport87 : Se yon emisyon dedye konplètman nan aktivite espò. Orè: 9è nan maten ki fini nan midi.

Radyo entènèt Ayisyen87 fonksyone 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Trè byento, nou planifye pou mete kanpe 2 lokal nan Etazini ak Haiti kote wap ka jwenn nou chak jou.

Antretan, sit referans lan rete www.ayisyen87.com ak aplikasyon gratis li sou Google Play https://play.google.com/store/apps/details?id=ayisyen87.atyw

%d bloggers like this: